vendredi 6 janvier 2017

Guy Philippe/Miyami: Repotaj sou Premye rankont Guy Philippe ak Jij li nan Tribinal Miyami, Etazini.


GuyPhilippe nan Tribinal Miyami, vandredi 6 janvye 2017.
Foto koutwazi

Guy Philippe rankontre e li fe konesans ak Jij k'ap jije'l la, jodi vandredi 6 janvye 2017-la, pou yon premye seyans nan tribinal Miyami, nan Florid, sou sa yo akize'l, sou sa'k mennen'l la.

Guy Philippe pat gen chenn nan pye'l, li te gen menot nan bra'l selman.

Avoka'l mande pou yo voye'l tounen Ayiti al chache dokiman'l, pati ki akize'l la di non, se pa kounye ya.,, epitou jij-la di pagen sa pyes...

Nan seyans sa, jij la bay Ansyen chef "Operasyon Bagdad"la, yon tikras nan Chefdakizasyon, ki mennen'l kote'l ye la...

Seyans sa fini ve 2h apremidi ya...pwochenn seyans-la fikse pou vandredi pwochen 13 janvye...se jou sa, Jij la pral di'l kisa ki fe yo ta renmen jije'l ak tout detay yo, sa vle di, tout chef dakizasyon net...

05201074 se nimewo dosye tou nef Guy Philippe, Ozetazini, sou zafe sa...

Rankont sa dire anviron 30 minit anviwon...

Ansyen chef rebel yo te byen relaks nan tribinal-la, le jij-la poze'l kesyon, li reponn tou koul se avoka'l ki la pou reponn a tout kesyon yo ta vle poze'l. se yon Fim prive avoka Ozetazini k'ap defann li...

Apre seyans sa, gad yo tounen ak akize ya nan prizon'l, yon prizon Federal ki nan "Down-Town" Miyami, Florid...

N'ap swiv dosye sa pou nou...

Kredi: Andy Limontas/CANAL+HAITI/DIASPORAMA-HAITI

Aucun commentaire: