lundi 2 janvier 2017

Ayiti/Politik: Prezidan Jocelerme Privert nan Gonayiv pou make 213èm anivèsè endepandans peyi-a.



Ann Ayiti , Prezidan pwovizwa Jocelerme Privert, ak Premyè dam nan, Ginette Michaud Privert, Premye Minis Ennex Jean Charles, manm kabinè ministeryèl la, prezidan 2 chanm palman an ak manm kò diplomatik la te prezan nan vil Gonayiv nan jounen dimanch premye janvye 2017 la, pou make 213èm anivèsè endepandans peyi a. Nan omeli sikonstans la, ofisyan prensipal la, Evèk Yves Marie Péan lanse yon apèl pou l mande lapè ak inite nan mitan popilasyon an pou pwòp byen nasyon an.

Prezidan Jocelerme Privert, ki te pran lapawòl sou Plas vil Gonayiv la, mete aksan sou doub pòte istorik dat premye janvye a : anivèsè pwoklamasyon endepandans peyi a, epi selebrasyon jounen entènasyonal lapè a. Chèf deta a estime li pa nòmal pou depi plis pase 2 syèk Ayiti toujou ap konfwonte yon seri pwoblèm ki bloke devlopman ekonomik li. Misye Privert lanse apèl tou pou l mande rekonsilyasyon, lapè ak dyalòg nan mitan sitwayen yo, yon bagay ki dapre limenm--, se yon gwo nesesite pou elimine enstabilite nan peyi d Ayiti.

Aucun commentaire: